Relasyon sa toxic men kite w se yon misyon enposib
Ou fè zen avè m lèw vle tout sa m di w ou pran l nan yon fason negatif
Nou pa janm nan menm paj lè nou nan kont se yon gè mondyal mwen vle kite relasyon an men se wè m wè ke map antre pi fon
Ou reklame m
Tankou vye zansèt yo te mouri kite pou ou
Ou reklame m
Tankou yon bebe ou pote 9 mwa ou bay nesans
Ou reklame m t
Ankou papa bondye reklame limanite
Ou reklame m
Sak difisil la pa gen anyen m ka fè ak sa
Relasyon sa toxic men se lè m ansanm avè w mwen happy
Dèfwa mwen fè jalouzi yo menm di genlè w pran mwen nan maji
Ou mèt fin fèm soufri mwen rayi w aprè yon ti tan ou fèm souri nou konn fin di n bay vag nou kraze sa aprè m retounen nan bra w
Ou reklame m
Tankou vye zansèt yo te mouri kite pou ou
Ou reklame m
Tankou yon bebe ou pote 9 mwa ou bay nesans
Ou reklame m tankou papa bondye reklame limanite
Ou reklame m
Pi gro pwoblèm nan gan yenm ka fè ak sa
Nou goumen chak jou
Nou fache chak jou
Nou kite chak jou
Nou rekonsilye chak jou
Lanmou pa konn parfait maryaj pa konn parfait
Pa gen moun ki parfait se sèl jezi k parfait m pa konn yon grenn gason k parfait
M pa konn yon grenn lady k parfaite relasyon pa janm parfait
Nou goumen chak jou
Nou fache chak jou
Nou kite chak jou
Nou rekonsilye chak jou