Video Nwel Tristes de Mikaben 2025 Lyrics Lyrics

Escucha la música Lyrics más popular de Mikaben y otros artistas en línea. Disfruta de las mejores canciones de 2025 en Musicas-Cristianas de música en línea. ¡Encuentra tu canción favorita y escúchala en cualquier momento y en cualquier lugar!

Video Nwel Tristes » Mikaben Letra

INICIOMikabenNwel Tristes

Mikaben - Nwel Tristes Lyrics


Yon 24 desanm mwen t'ap mache nan lari Pòtoprens
Se avèk tristès mwen rankontre yon ti pòv k'ape di mwen
Pou mwen sa se pa Nwèl, s'on flèv mizè k'ape koule
Ou kapab trouve l bèl, ou gen fanmi ki pou gate w
Mwen menm m'pa gen pèsonn, mwen just ap bat dlo pou m fè bè
Si'w wè m mande lemond, se paske m vle yon Nwèl meyè

M'di Tonton Nwèl kote ou ye
Nan yon peyi moun pap fete
Mwen di Bondye kote ou ye
Pot delivrans pou malere

Yon 24 desanm mwen t'ap mache nan lari Petyonvil
Ti kè m dechire lè m t'ap gade yon ti granmoun k'ape plenyen
Depi 75 an m'ap mennen yon vi difisil
Pa gen 'on moun ki f'on jan pou banm yon ti dra pou m kouvri m
Ou te mèt pa gen nanm, ou dwe konprann jan m'ap soufri
Bondye si'w te ka pran m, mennen m avè w pou m sa souri

M'di Tonton Nwèl kote ou ye
Nan yon peyi moun pap fete
Mwen di Bondye kote ou ye
Pot delivrans pou malere

Yon 24 desanm mwen t'ap mache sou Pòtay Leyogan
Ke m te gen lapenn lè m t'ap koute yon ti fi k'ape kriye
Yon pa janm ban m anyen, men mwen te blije reziye m
Lonje 'on poupe banmwen, se pa de kontan m'ap kontan
Lè Nwèl sa a fin pase, se domaj g'on lòt k'ap tounen
Si w wè m dekouraje, se paske m'ape mal mennen

M'di Tonton Nwèl kote ou ye
Nan yon peyi moun pap fete
Mwen di Bondye kote ou ye
Pot delivrans pou malere

M'di Tonton Nwèl kote ou ye
Nan yon peyi moun pap fete
Mwen di Bondye kote ou ye
Pot delivrans pou malere

Nwel Tristes » Mikaben Letras !!!
Esta sitio web no aloja ningún tipo de archivo audio o video© Musicas-Cristianas 2025 España | Chile - Argentina - México. Todos los derechos reservados.

Escuchar músicas enlinea gratis, 2025 Escuchar Música Online, Música en Línea 2025, Música en Línea Gratis, Escuchar Música Gratis, Música Online 2025, Escuchar Música

Música 2025, Música 2025 Online, Escuchar Música Gratis 2025, Músicas 2025 Gratis, Escuchas top, Música de Moda.